Eskandal detansyon ilegal yon machin: Biwo moun andikape yo ak Delege Nòdwès la antre an konfwontasyon

536
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon konfli pete ant Delege Depatmantal Nòdwès la ak Biwo Sekretarya Eta Andikape yo aprè detansyon yon machin ki legalman fè pati patrimwàn biwo sila. Daprè Pòt Pawòl biwo a, sa ki te ka senp kesyon lojistik vire an yon veritab eskandal grav ki mete sou tab la pwoblèm abi pouvwa, mepri kont moun andikape, epi move jesyon byen leta.

Selon Pòt Pawòl la, James Injunac, machin lan te soti nan biwo santral pou sèvi nan depatman Nòdwès, e li te estasyone lakay yon patikilye. Se pandan li te la, Delege a, ak sipò lapolis, ta deside “prete” machin lan. Yo di yo te vle gade yon bagay nan machin lan. Se konsa yo pran li san okenn fòmèl demann, epi mennen li dirèkteman nan garaj lapolis,” daprè pòt pawòl la.

Me sa ki pi cho nan eskandal la, se deklarasyon Delege a, selon pòt pawòl la toujou, “moun andikape yo pa merite machin lan. Yon deklarasyon ki pa sèlman chokan, men ki kapab klase kòm yon atak dirèk sou prensip enklizyon ak respè pou dwa moun andikape yo ke Leta Ayisyen ap fè efò pou mete sou pye depi plizyè lane.

Biwo Sekretarya a fè konnen yo gen tout papye legal ki montre machin lan fè pati flòt ofisyèl yo, e yo denonse deklarasyon Delege a ki fè konnen li ta depanse 1 milyon goud sou machin lan, pandan ke selon teknisyen yo, se te yon senp pwoblèm ponp gaz machin lan te genyen.

Aksyon Delege a soulve anpil kesyon sou limit pouvwa delegasyon depatmantal yo, sou koabitasyon ant enstitisyon Leta yo, epi sou jan yo respekte dwa kategori popilasyon ki souvan viktim mepri ak eksklizyon.

Share:

Leave a reply