Egzamen 9e AF fini nan vil Pòdpè, majorite elèv satisfè.

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Se jounen jedi 3 jiyè 2025 lan, egzamen ofisyèl 9e Ane Fondamantal yo, ki te demare nan dat 30 jen 2025 lan atravè peyi a rive nan bout li. Majorite elèv yo ekspwime yon satisfaksyon remakab pou fason ministè a te pwosede pou chwazi egzamen yo.
Se menm satisfsksyon sa yo TRiboLAND.com rejwenn bò kote èlèv lise yo ki pa t janm gen chans boukle ane lekòl la, akoz grèv Sendika Anseyan yo. Pou majorite elèv sila yo, egzamen yo te vrènan alapòte yo.
Responsab direksyon depatmantal Edikasyon Nòdwès la, pwofesè Levoyant François, li menm egalman, bat bravo lakontantman, pou fason egzamen sa yo te dewoule atravè depatman Nòdwès la. Enfòmasyon revele ke oken ensidan pat arive anrejistre nan moman pwosesis la; tout fwa direktè a tou anonse egzamen NS4 e ENI, ap genyen pou demare, nan dat 14 jiyè 2025 ki pral vini la.






