Rezo Depatmantal Anseyan nan Nòdwès peyi Dayiti apiye chwa manm CPT yo e plede anfavè Henry Claude kòm nouvo minis edikasyon.

05 – 03 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen vandredi 03 me 2024 la, aktè Rezo Depatmantal Anseyan Nòdwès yo (REDANO), pa kache satisfaksyon yo pou fè konnen, yo apiye chwa Edgar Leblanc Fils kòm prezidan CPT a, ak tout nouvo PM nan, Fritz Bélizaire, ki te ansyen minis espò ak aksyon sivik sou gouvènman René Préval la.
Yon lòt bò, Pktè REDANO yo plede anfavè entegrasyon Henry Claude kòm nouvo minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl.
Poze kesyon pou konnen, nan ki objektif aktè REDANO yo mande pou entegre Henry Claude kòm nouvo minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ? Pòt pawòl la ki t’ap pale a deklare, se jis pou soulaje sektè edikatif la nan Nòdwès.







Good write-up, I am regular visitor of one’s blog, maintain up the excellent operate, and It is going to be a regular visitor for a lengthy time.
What¦s Going down i am new to this, I stumbled upon this I have discovered It absolutely useful and it has aided me out loads. I’m hoping to give a contribution & aid other users like its helped me. Good job.