Flash, Flash! Plizyè endividi bwè dlo bouch yo, divès lòt blese gravman grav, se bilan tantativ divès endividi ame pou kraze prizon sivil Ench lan.

881


04 – 28 – 2024

Ench, Ayiti__(TRiboLAND) Bagay yo vrèman makawon nan moman n’ap pale la nan vil Ench. Endividi pèsòn pa rive idantifye ak gwo zam manch long rantre nan prizon sivil Ench lan pou fè tantativ kraze prizon an.

Bilan dega yo pa piti, yo vrèman katastwofik. Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, genyen anviwon 2 gwo koure ki deja mache pòs yo, san konte divès lòt ki resevwa bal, men ki gentan chape poul yo.

Yon lòt bò, enfòmasyon yo ta fè kwè, se prizonye yo ki ta deklannche batay pou kraze prizon sivil la. Sa ki enpòtan, genyen anviwon 3 polisye ki blese pou koulya k ap pran swen sou kabann lopital.

Nan moman nap pale la, yon jij Depè deja sou plas nan prizon sivil komin Ench lan, kise chèf lye depatman Sant peyi Dayiti, pou konstate nivo dega yo.



Comments are closed.