Chèf gang Village de Dieu a kidnape 2 bis Miragwàn.

2,936

06-10-2022

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) nan yon videyo kap paweze sou tout rezo sosyàl yo, chèf gang sangwen Village de Dieu a, Izo kidnape kidnape 2 bis ki asire trajè Pòtopwens – Miragwàn e tou pwofite mande komisè Miragwàn nan sispann fè “Mò Vay Kevay” e ki lè lap vin pran otaj yo nan men l.

chèf gang Izo

Apre Komisè gouvènman Miragwàn nan,Jean Ernest Muscadin te fin deside lage yon ti pousyè miskad nan zantray Zo Pwason, yon ansyen manm gang anjandre Village de Dieu. An reyaksyon pou vanje lanmò gang parèy li, chèf gang vilaj de Dye a, Izo deside kidnape jodi vandredi 10 jwen an, anviwon 36 pasajè natif natal Miragwàn.

Pou chèf gang Village de Dieua, kidnapin nan fèt nan lide pou montre ak komisè a,kel se yon puisan gang,li fè sal vle sal pito.

Pou koulya pèsòn pako konnen desizyon chèf gang Tèt Kale yo fas ak yon masiv kidnapping sou yon seri inonsan nan yon kote ke leta ak gouvènman ap pyafe nan aktivite gang rèdmare!

Comments are closed.