Bandi sangwen lage Sodo sou do: yon komisarya bwile

853

09-23-2023

Sodo, Ayiti_____(TRiboLAND) Jan anpil te kapab konstate sou rezo sosyo yo, yon latriye rèl ak pote sekou plizyè sitwayen nan Sodo ke yon gwoup gang sangwen tap teworize nan fen jounen vandredi 22 septanm 2023 a, nan Plato Santral.

Sodo, yon lokalite mistik ou touristik anndan peyi Dayiti, tap resevwa anpil fwap gang pandan lanjelis, kote ke majorite popilasyon an te oblije chache tèt anndan lakay yo, e pat sispan ap miltipliye kout fil vonvon, ki nesesite entèvansyon otorite yo.

Bandi sangwen yo ki ta sanble soti nan kapital la, tef è zòn nan chante avèk kout zam otomatik; yo sakaje e menm arive mete dife nan komisarya komin nan. Enfòmasyon ki arive jwen TRiboLAND ta fè eta de yon gwoup gang sangwen ki genyen sosis ki mare ak gang Kanaan, ki genyen nan tèt li yon gwo koure ki rele Jeff.

Nap raple, plizyè chèf gang nan peyi Dayiti pat sispan miltipliye yon mesaj “Viv ansanm” sou rezo sosyo yo; e menm te envite popilasyon repwan aktivite yo e sikile jan yo vle san laperèz. Konsa, yon parèy pwomès pa kenbe; li pa menm pwan yon semèn kote ke zak malonèt ak banditism yo kontinye ap taye Banba. Me rezilta “Viv Ansanm” nan!

Comments are closed.