Apre gwo dega lapli manch long lan, Majistra Senlwidinò a, drese yon tablo konplèks komin nan

834

04 – 28 – 2024

Senlwidinò, Ayiti ____(TRiboLAND) Lapli kap tonbe sou depatman Nòdwès la mete komin Senlwidinò ajenou. Majistra Gaston konfime nan mikwo Radio Marconi FM plizyè enfwastrikti pran gwo pataswèl, tankou : Pon Ti Rivyè, Lopital Otrichyen, simityè a, pou-n site sa yo sèlman.

Magistra komin Senlwidinò dekri yon sitiyasyon konplèks ke popilasyon an ap viv apre gwo lapli toransyèl ki sekwe Nòdwès peyi a. li ensiste akoz mwayen Leta pa mete disponib pou yon bon jan plan amenajman tèritwa ak ibanizasyon pou komin nan. Entanperi sa mete divès moun nan kouri; yon oblije kite lakay yo. Selon Majistra Gaston, yo arive deloje yon latriye moun jan ke yo kapab; sepandan, deloje yo se youn, jwenn kichòy pou ba yo se yon lòt.

Majistra kontinye pou di, kantonye yo gen anviwon 43 mwa depi yo pa touche; pou yo entèvni anpil fwa se ak efò pèsonèl. Sitiyasyon konplèks vil la mande entèvansyon rapid otorite responsab yo nan tèt peyia. Menm pwoblèm kabiran pou alimante materyèl yo pou debleye divès zònn afekte yo, demere youn nan pi gwo defi moman an .

Lapli kap tonbe a, ki pa epanye mòg, simityè ak lopital ka kite pwoblèm pou moun yo kap banbile nan mikwòb. Majistra fini pou raple, depi anviwon 10 lane komin Senlwidinò pa jwenn yon yota nan zafè Fon Dijans, pandan aloufa yo ap gagote e menm boule dola sou do ren mizè popilasyon an.

Comments are closed.