Lapolis nasyonal nan komin Senlwidinò, mete dòmi nan je yon gwo koure bandi

744

07-08-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Lapolis nasyonal nan komin Selwidinò, resi jwenn bout Amatè, ki pase tout vi li nan teworize popilasyon an, volè tout sal jwenn sou wout li.

Aprè yon echanj kout zam ak lapolis jedi pase a, Amatè ki te afekte ak pwojektil lapopo, pat gen chans pou te pran chemen lopital pou al pran swen, jwenn lanmò l nan lopital Imakile yè vandredi a, aprè 2 jou twoke kòn ak lapolis. Poukèk temwen, Amatè ta sanble soti nan zantray yon group bandi sangwen ki loje nan baz Boga dèyè simetyè Senlwi a. Pami yo, ou jwenn “Grenn Sonnen ak 2 fanm ki se manman baz la.

Popilasyon an ap mande lapolis ede yo pase malfwa sa yo anba operasyon bwa kale a,menmjan ak Amatè ki pra plas devan.

Comments are closed.