Migrasyon – Peyi Tuki deside rapatriye 135 sitwàyen ayisyen nan peyi Dayiti

1,998

07-27-2022

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yo kominike ke li pibliye jodi mèkredi 27 jiyè 2022 a, Ministè Afè Lòt Bò Dlo anonse piblik la ke 135 sitwàyen ayisyen  ap ateri nan Pòtoprens demen jedi 28 jiyè 2022 abò yon vòl espesyàl kap soti nan peyi Tuki.

Kominike Ministè Afè Lòt Bò Dlo a kontinye pou di ke se gras ak yon seri demach bò kote yon seri òganizasyon entènasyonal pou migrasyon ak misyon diplomatik ki fasilite yon parèy rapatriman volontè.

Ministè ajoute pou li di ke genyen anpil dispozitif ki deja pran yon fason pou yo resevwà konpatriyòt ayisyen yo ak diyite e an granpanpan!

Comments are closed.