Pòdpè Enèji : Enjenyè Marckly Édouard remèt demisyon l nan tèt Direksyon depatmantal EDH

2,362

06-11-2022
Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Direktè EDH la, Enj. Marckly Édouard atravè yon odyo li pataje ak Laprès, anonse ke li remèt demisyon li nan enstitisyon kouran ke li te nan tèt li depi anviwon 2 lane.

Ant movèz fonksyonman ak blakawout, EDH nan Pòdpè ajenou depi yon bon bout tan. Depi aprè lanmò ansyen Prezidan Jovenel Moise, zafè pale de kouran 24/24 la kaba e depi plis pase 3 mwa, Enj. Édouard te bouke anonse ke yo pa gen kabiran pou alimante vil la; konsa, depi lè sa, vil la ki te konn jwenn kouran 6/24 ap benyen nan fè nwa.

Ing Marckly Édouard, te toujou di ak Laprès gen anpil efò kap fèt pou Pòdpè jwenn gaz. Malgre li te poze problèm founisè yo te chanje sou yo san yo pat konnen. Finalman, Direktè a mete yon odyo deyò ki anonse li fè yon kraze ki te sa ak EDH pandan li remèsye tout moun ki te sipòte l pandan pasaj li nan tèt EDH nan depatman Nòdwès la.




Comments are closed.