Gwo lapli k’ap tonbe sou peyi Dayiti sòti vandredi pou rive jounen samdi 27 avril 2024 la, sakaje konpayi Digicel.

834



04 – 28 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo lapli k’ap tonbe sou peyi Dayiti sòti vandredi 26 pou rive jounen samdi 27 avril 2024 la, sakaje konpayi telefonik ki pote non Digicel la.

Nan yon pòs mesye Jean Philippe Brun fè sou kont twitter li, li anonse popilasyon ayisyèn nan an jeneral ke konpayi Digicel sibi gwo domaj nan nivo kab fib optik entènasyonal yo sa ki lakòz, plizyè sèvis tankou, entènèt, apèl entènasyonal, Moncash, ak SMS, afekte.

Pou rezoud pwoblèm nan, direktè a fè konnen yon latriye teknisyen deja deplòtonnen nan divès zòn pou rive lokalize koupi a, yon mannyè pou rebalanse ak sèvis yo ki an mal makak..

Comments are closed.