Yon group bandi dechèpiye anba kout zam yon otobis Sen Lwi Dinò: yon krèy moun blese

392

09\14\2020

Kafou Tèl____(TRiboLAND) Otobis ki tap soti Pòdpè pou antre nan kapital la jodi 14 septanm subi atak bandi ame devanjou ki tap dechèpiye pasajè e fè resèt nan zòn Kafou Tèl ki localize a kèlke kilomèt avan vil Gromòn nan depatman Latibonit.

Deblozaj sa yo ki te bloke yon bon valè machen transpò ki tap soti nan diferan rejyon nan Nòdwès peyi a te pase move moman anba men bandi malfwa yo.

Enfòmasyon yo fè eta de entèvansyon kòtèj Premyè Dàm nan ki tap soti an pwovens ki arive pran kontròl sitiyasyon an. Selon plisyè temwen pasajè ki rejwen TRiboLAND sou telefòn fè eta de anpil kout zam ki te marye nan moman fòs sekirite kòtèj Premyè Dàm nan reyaji pou reponn kif kif kont bandi ame devanjou. Bandi yo dechèpiye e pran tout sa moun yo te genyen sou yo. Anpil moun blese pami yo chofè otobis San Sousi, ki tap soti Sen Lwi Dinò.

Pou pi piti, ta sanble gen 2 bandi ki ta mouri anba bal; yon enfòmasyon ki pat ka konfime. Li te fè 4:35 nan moman tretman ak redaksyon enfòmasyon, sitiyasyon te toujou bloke nan Kafou Pèl alòske kèk minit aprè sitiyasyon te vin nòmalize.

Comments are closed.