Majistra Gaston Estima akonpanye polis minisipal la vizite blòk sanitè Rivyèba ke bandi te kanbriyole.

985

01-18-2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Majistra kominal Senlwidinò a, Gaston Estima akonpanye gwoup sekirite li, vizite yon blòk sanitè ke bandi san fwa ni lwa te kase nan lokalite Rivyèdèba,

Nan blòk sanitè sila ki poko acheve, bandi sangwen yo te pote ale 2 batri twojan ki ta pwal sèvi pou alimante strikti a. Majistra a mande tout moun nan zòn nan pwoteje materyèl blòk sanitè a kap sèvi polilasyon an.

Yon lòt kote, Mesye Gaston ale pi lwen pou li ankouraje plis siveyans ou vizit lapolis nan blòk sanitè a pou anpeche malfwa yo detounen pwojè popilasyon an kap soufri tout kalite move peripesi nan mache piblik la.

Pou fini, tout moun mete yo dakò pou akòde yon siveyans ki pi adekwat sou blòk sanitè a ki pral sèvi mache Rivyèba; yon espas ki te inasèptab nan nivo sanitè.

Comments are closed.