Gwo lapli kap tonbe sou vil Pòdpe sakaje rantre Pak Kapwa Lamò a

819

04 – 27 – 2024

Pòdpe, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapli kap tonbe depi yè aprèmidi 26 pou leve maten samdi 27 avril 2024 la, rann divès kote nan site Kapwa Lamò a enpratikab. Yon sitiyasyon ki rann kritik rantre Pak Kapwa la; divès moun ki nan kay nan zòn sa gen gwo difikilte pou sòti ak antre lakay yo akoz dlo ki moute ki pa sispann mande bon najè.

Dlo ki nan zòn lan tou rann aktivite sou Pak la kapab bòy kote si pa gen anyen ki fèt, sa fè divès moun nan zòn lan lanse gwo kri bò kote swadizan MTPTC ak Lamèri pou fè yon bagay pou amelyore sitiyasyon malouk sa.

Travay leve wout Twa Rivyè a rann sitiyasyon moun kap viv nan zòn Pak Kapwa Lamò, Site Maxo, chan Avyason ak divès lòt zòn trè vilnerab nan vil Pòdpe.

Comments are closed.