Senlwidinò Inondasyon : Popilasyon nan Fige jwenn kò Robens Nicolas alyas ato san vi sou plaj Enèji.

04/13/2026
Senlwidinò, Ayiti______(TRiboLAND) Popilasyon nan Figye, yon lokalite ki anba zèsèl komin Senlwidinò, dekouvwi kadav yon sèten Robens Nicolas alyas Ato an deriv sou rivaj plaj Enèji jodi lendi 13 Avwil 2026 la .
Nap raple, dekouvèt kò san vi sila fèt, kèk ti tan aprè gro deblozaj lavalas dlo ki inonde yèswa komin Senlwidinò nan tout ra kwen. Antouka, selon temwen, Ato te fè enpridans al travèse Rivyè Ba; sela, selon revelasyon yo, li pèdi lavi li anba sekous rivyè a.
Aprè konsta otorite yo, yo te remèt kò san vi a bay fanmiy li, ki pran desizyon pou transfere l nan mòg Lòm pwopoz pou planifye fineray li. Ke nanm Ato repoze nan lapè etènèl!






