Vil Kap-Ayisyen leve anba gwo inondasyon.

854

04 – 08 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti___(TRiboLAND) Gwo lapli kap bale wouze depatman Nò peyia, lakòz plizyè zòn nan site kristofyèn nan, ap mande bon najè anba inondasyon jodi lendi 08 avril la 2024 la.

Anpil katye anvayi ak dlo, ra gagann. Kritik yo pa manke pase pran TPTC ak bwat ki rele ministè anviwonnman. Pou anpil moun, enkonpetans ak iresponsabilite dirijan mayas ki kidnape Leta a ak konstriksyon anachik yo ki lakòz chakfwa lapli tonbe, popilasyon tonbe nan woulo ak tribilasyon ke yo pat janm konn viv anvan.

Sa fè yon inyèm fwa ke popilasyon kapwàz la mande swadizan bagay ki rele tèt yo otorite yo, pou yo pran responsabilite yo pou soulaje soufrans pèp sa ki trè vilnerab.



Comments are closed.