Gwo tonton inondasyon nan Sayèl la: plis pase yon milyon moun afekte

285

09\09\2020

Sayèl____(TRiboLAND) Gwo lapli kap sakaje zòn Sahèl la afekte yon krèy fanmiy ki trouve yo jounen jodi a san kay.

Daprè Òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo, anviwon 760, 000 kretyen vivan frape anba gwo inondasyon sa ki touche Afwik de Lwès ak yon pati nan Afrik Santral. Kanta pou peyi Soudan, otorite responsab yo arive resanse plis pase 500,000 moun.

Anpil moun arive pèdi vi yo. Pa ekzanp nan Boukina Faso, dènye lapli ki tonbe yo sou Wagadougou bay anpil tèt fè mal e koze yon pakèt dega nan mitan popilasyon an. Selon chif gouvènman an, plis pase 13 moun ta mouri.

Lapli kap tonbe yo provoke egalman lanmò plizyè moun nan Nò Ghana. Pou Nijerya, bilan ke Ocha a fè sòti, fè eta de 30 mò e plis pase 26, 00 sinistre nan Eta Borno.

Comments are closed.