Gwo lapli k’ap tonbe nan depatman Nòdwès la koze anpil dega nan lopital Otrichyen nan komin Sen-Lwidinò.

845


04 – 27 – 2024

Sen-Lwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Gwo lapli ki pa sispann tonbe depi yèswa nan depatman Nòdwès peyi Dayiti, koze gwo dega bouch pa gou nan lopital Otrichyen ki twouve li nan komin Sen-Lwidinò.

Pami gwo dega lapli a koze nou kapab site, inondasyon lopital la, miray kraze ak baryè kraze, plizyè machin ale, san konte divès lòt ki pase anba lavalas ak branch bwa.

Nan moman n’ap pale la, bagay yo tèt anba, men nou pako ka bay twòp detay sou materyèl ak ekipman ki t’ap sèvi lopital la. Se yon gwo kou pou kominote Sen-Lwidinò a nan sèvis sante.



Comments are closed.