Mibalè: yon Jounalis Radyo Panik FM krible anba bal

Mibalè__(TRiboLAND) Nehemy Joseph alyas “Plon Gaye” se yon jounalis Radyo Panik FM nan Mibalè e korespondan Radyo Mega pou ba Plato Santral la, jwenn lanmò li anba bal bandi yèswa Jedi 10 Oktòb 2019 la nan zònn Bayas nan Mibalè.

Jounalis la ki tap jwenn menas depi kèktan nan egzèsis fonksyon li akoz fidelite nan kouvwi vag pwotestasyon kont pouvwa Jovenel Moise la, te jwenn lanmò li apwè ke yo te jwenn li krible dèyè kòf machenn li, alòske machenn nan tap mache.
Nehemy Joseph ki se yon pwofesè, yon teknisyen laboratwa egalman, te gen sèlman 35 lane. Selon temwen, viktim nan te resevwa yon bal nan do, youn nan lestomak ak nan ponyèt goch. Yon asasinaj ki fèt devan Pak Espòtif Mibalè-a ki nan Bayas.
Sa fè apepwè 3 jounalis ki jwenn lanmò yo nan yon espas 18 mwa sou gouvènman Jovenel Moise la.






