Nòdwès Entanperi: Eboulman tèren nan Ri Lopital, plizyè moun mouri

1,001

04 – 28 – 2024

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Pou pi piti 3 moun mouri nan Ri Lopital, Pòdpe aprè yon eboulman teren, aswè dimanch 28 avril 2024 la, vè 7è pm. Pami moun ki mouri yo, gen yon adolesan anviwon 3 lane ki rele Widdalens Belfort, Elda Telfort ak Yoldine Silla.

Plizyè lòt blese, alòske Lopital Imakile Konsepsyon ki te deja ap fè fas kare ak mankman sèvis tout kalite, trouve li nan enposiblite pou ta bay viktim dram yo menm yon pwemye swenyaj medikal.

Entanperi ki koz gwo lapli depi vandredi swa sou depatman Nòdwès la pa sèlman pote ale bataklan yon latriye avèk kay, men gen moun ki travèse pou lòt bò mond la. Jis konnya otorite lokal yo pa souke kò yo menm pou ta di ki mò ki touye lanperè!

Comments are closed.