Batay gwoup gang sangwen nan Matisan lakòz 5 moun mouri ak yon latriye lòt ki gravman blese

12/01/2021
Pòtopwens______(TRiboLAND) Twàzyèm sikonskripsyon Pòtopwens lan te an cowboy e mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan jodi mèkredi 1 desanm 2021 an akòz gwoup gang ame sangwen ki tap kontre kòn yo.
Katchou boumbe sa, okazyone 5 moun krible anba bàl san konte yon latriye lòt ki blese nan moman gwoup gang sangwen Ville de Dieu nan Matisan ak konplisite sangwen Grand Ravine tap kase pari ak bandi sangwen TiBwà nan Fontamara jodi mèkredi 1 desanm 2021 an.
Selon imaj kap fè laviwonn rezo sosyàl yo, majorite viktim yo se pasajè inosan ki peye pou koupab. Batay la te fè yon bon bout tan ap vale teren e tansyon yo te moute divès wotè ki te okazyone entèvansyon 3 blende lapolis ki tap trese lèl pou te pran kontwòl sitiyasyon an ki te nesesite patisipasyon plizyè sitwàyen nan popilasyon an ki tap bay bandi TiBwà yo jarèt.






