Direktè depatmantal BSAP Nòdès la di li pap pran dikte nan men minis anviwònman an, James Cadet

988

 09-16-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou direktè depatmantal BSAP Nòdès la, Camielle Samson bay laprès bò kanal la nan vandredi 15 septanm 2023 a, alatèt la fè konnen li pap pran dikte nan men minis anviwònman an.

Direktè BSAP la ki fè konnen se avèk anpil etonneman li aprann minis anviwònman an, James Cadet mande pou Direktè ANAP la, Jeanthel Joseph pase li lòd pou ajan BSAP li yo kite kanal la. Direktè Camielle reponn pou’l di: li pa atache avèk pòs direktè depatmantal BSAP la.

Pou Camielle, se popilasyon an l’ap bay sèvis nan jan l kapab. Pi lwen direktè a fè konnen, si minis James Cadet ta deside retire li nan pòs la, l’ap rejwenn popilasyon an sou beton an, yon fason pou kapab sekirize kanal irigasyon an.

Nap raple, gen enfòmasyon ki ta vle fè kwè ke Brigad Entèvansyon (BI) ta resevwa gwo magogo lajan pou kase ren mouvman Rivyè Masak la, ou bouche kanal la.   

 

                                           

Comments are closed.