Odyans koreksyonèl ak kriminèl yo ap kontinye nan jiridiksyon Pòdpè

822

04 – 25 – 2024

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Komisè Gouvènman Pakè Pòdpè a, Me Félix Applys kontinye pwosesis odyans koreksyonèl ak kriminèl yo nan tèt kole ak lòt aktè nan aparèy jistis la, yon fason pou debleye prizon yo, oubyen kondane sila yo ki merite kondane. Divès moun kap kwoupi nan prizon an, anpil fwa pa janm pase devan Jij natirèl yo, sa lakoz gen nan yo ki konn pase plis tan nan prizon daprè sa yo fè.

Depi anviwon 4 semèn, odyans kontinye ap pran jarèt. Daprè CG a, malgre pwoblèm ak kriz peyia ap konnen, sa pa enpeche yo manyen dosye ki merite manyen. Seri odyans sa yo trè enpòtan nan batay prevantiv detansyon pwolonje a. Pami moun ki jije deja yo, genyen ki kondane a kantite tan yo pase nan prizon, genyen tou ki konnen pou konbyen tan yo kondane. Dosye ki merite al nan Kabinè denstriksyon, ale nan Kabinè denstriksyon.

Komisè Gouvènman Pakè Pòdpe a, Me Félix Applys ap travay sou yon seri dosye ki kanni oubyen yo te bliye swa akoz neglijans; moun ki te arete pa movèz fwa, oubyen yon lòt rezon. CG a pwofite mande pou Avoka yo pran responsablite yo nan zafè akonpaye jistisyab yo.


Komisè Gouvènman fini pou di, li vrèman aksantye sou dosye ki te an kontinyasyon ki koz plizyè moun ap soufri nan prizon. Dosye key o te resevwa yo, ap genyen pou reentwodwi yon fason pou moun yo ka al jije.

Comments are closed.