Anploye Ministè Kilti ak Kominikasyon pwoteste ak dife devan ministè-a pou 10 mwa aryere salè yo ki nan tray.

0 308

Pòtopwens__(TRiboLAND) Anplwoyè Ministè Kilti, Kominikasyon ak Sèvis Nasyonal Jesyon te sekwe anba panik flanm dife kapital la jodi Vandredi 30 Dawou 2019 lan, kote ke yap egzije anba flanm dife responsab ministè yo pou peye yo plis pase 10 mwa aryere salè avèk ti tchotcho kat debit yon te konn jwenn kòm asistans.

Antouka, sa te parèt myèl maten an devan lokal Ministè Kilti ak Kominikasyon, kote ke gwo barikad kawotchou anflame te an bandoulyè pou afiche kolè yo fas ak mepwi Dirèktè jeneral la, Msye Calvin Cadet ki pa janm mande yo ki mò ki te touye lanperè, nan sa ki gen pou wè avèk revandikasyon yo.

Anpil nan pwotestatè sa yo ki poko wè ki sen pou yo rele nan lekòl kap ouvwi nan 2 semènn alòske yon poko wè oken espwa pou fè fas kare ak egzijans ouvèti lekòl la ki deja yon kalvè nwa pou tout manman ak papa pitit nan peyi-a.

Leave A Reply