Mèt Lorfils Wisly distribye jwèt bay plizyè dizèn timoun nan okazyon anivèsè li ak fèt Nwèl la

1,091

12-17-2022

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) mèt Lorfils Wisly distribye jwèt bay plizyè dizèn timoun jodi samdi 17 desanm 2022 a nan okazyon anivèsè li ak fèt Nwèl la, nan lokal Caciquat Convention Center, nan vil Pòdpè.

PDG Caciquat a ke anpil moun rele “Papa Jenès” la, pou yon setyèm fwa te mete gete nan kè ti nosan yo ki pat kache kontantman yo fas ak yon parèy evenman.

Lorfils te abiye an “Tonton Nwèl” pou te anbyanse ak plizyè dizèn timoun ki te prezan pou resevwa jwèt nan okazyon anivèsè businessman lan, kote ke timoun yo te kontan pase yon moman eksepsyonèl. 

Lorfils Wisly te fini pou di timoun yo: “Chinwa yo fè la Chin, se nou-k pou fè Ayiti”!

Comments are closed.