Vyolans gang ame yo nan kapital peyi Dayiti ogmante kantite blese ak bal yo nan lopital Lapè sòti nan mwa fevriye pou rive nan mwa mas 2024 la.

811


04 – 25 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Vyolans gang ame yo nan kapital peyi Dayiti, pa sispann ogmante chif blese yo nan lopital Lapè ki twouve li nan Dèlma 33.

Dapwè yon latriye chif direktè egzekitif lopital la, doktè Paul Junior Fontilus kominike ak laprès, sòti nan dat 29 fevriye pou rive nan dat 22 avril pase a, lopital Lapè resevwa anviwon 213 moun ki blese ak bal. Pami yo genyen, 6 ti moun, 35 fanm, ak 173 gason.

Direktè lopital la ki tap pale fè konnen, se ak kè sou biskèt pèsonèl yo kontinye ap sakrifye yo pou sove lavi nan kominote a paske menm yo menm pa epanye.

Comments are closed.