Ajan DAP prizon sivil Pòdpe a kanpe travay, alòske chèf Pakè a vizite prizon an paske lòd Pakè pa ka egzekite

936


04 – 30 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Chèf Pakè Pòdpè a, Me Félix Applys ak Sibtiti Komisè Gilbert Saintel vizite prizon sivil Pòdpè a, jounen madi 30 avril 2024 la. Ajan DAP kap travay nan prizon sila kanpe travay pou revandike pi bon tretman ak egzije prim derisk menm jan ak divès lòt inite nan PNH la paske travay yap fè a difisil anpil.

Ajan DAP yo ki kanpe travay, pa resevwa anyen pou prizonye yo, ak egzekite lòd ki soti nan Pakè Pòdpè a. Yon sitiyasyon ki paralize travay Lajistis Pòdpè ki tanmen pwosesis asiz kriminèl san asistans jiri nan dènye moman yo.

311 prizonye ki nan prizon sivil Pòdpè a, ap fè fas ak gwo difikilte paske yo pa ka jwenn lamanjay. Depi kèk jou manje pa rive nan depo sila, daprè enfòmasyon CG a pataje ak sal nouvèl TRiboLAND, manje pa ka rive nan depo prizon akoz vyolans nèg ak zam nan sou wout yo. Pou ede otorite yo bay prizonye yo ti moso manje, Komisè Gouvènman an mande sipò bò kote sosyete sivil la, ak tout moun ki gen bòn volonte pou pote solidarite ak prizonye yo pou grangou pa touye yo nan espas kaseral la.

Komisè Gouvènman an, rabat pou li mande otorite yo pou tande kri polisye yo, yon fason pou pwoblèm sa kapab rezoud pi vit ke posib paske Lajistis pa ka travay san Lapolis.

Comments are closed.