Nòdwès / Agrikilti : Karitas Dyozèz Pòdpè a distribye semans pwa tchous nan plizyè zòn

924


04 – 30 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Kanpay printan anonse, Karitas Dyozèz Pòdpè distribye semans pwa tchous bay divès fanmiy Agro ekolojik nan 9 zòn entèvansyon, zòn ki benefisye semans yo nan depatman Nòdwès la se: Gicha, Dovre, Dòlsine, Boden, Lakwa Sen Jozèf, Balade, Fwazon, Lafon ak Kazo.

Semans sa yo pral pèmèt peyizan yo plante pou jwenn kichòy pou viv ak fanmiy yo. Malgre maswife travayè latè yo ap konnen, sa pa enpeche divès kote nan peyia, agrikilti se sèl rekou ki kenbe yo ak fanmiy yo.

Responsab Karitas yo nan Dyozèz Pòdpè a pwomèt yap toujou asiste peyizan yo nan mezi yo kapab, pou pèmèt yo kontinye travay latè. ‎

Comments are closed.