Ajan BSAP yo nan depatman Nòdwès la sòti nan silans yo e mande ak PM Ariel Henry “bwè lèt revokasyon” ansyen chèf yo a.

950

01 – 27 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak lapwès, ajan BSAP branch Nòdwès yo rive reyalize nan lokal yo sou Plas Dam Pòdpè a, jounen samdi 27 janvye 2024 la, yo mande ak chèf primati a “bwè lèt revokasyon” ansyen direktè jeneral yo a, kise Jeantel Joseph.

Yonn nan manm yo ki tap pale fè konnen, se byen konte mal kalkile, lè PM defakto Ariel Henry deside mete Lapolis anfas BSAP alòske kòm chèf CSPN, li refize bay lapolis la lòd pou batay kont gang parèy li yo.

Mekontan kont move tretman yap sibi anba men lokatè primati a, ajan BSAP yo fè konnen, se nòmal pou yo vire do bay gouvènman an paske si yon papa pa okipe pitit li, li paka pase li lòd.

Nan sans sa a, yo fè konnen yo pwè pou batay kont sistèm kowonpi sa a, pou libere pèp ayisyen an anba grif malfektè politik sa yo ki kenbe peyi a depi dig dantan anba krim ak povwete.

Comments are closed.