Oken aktivite enstalasyon Konsèy prezidansyèl (CP) pap kapab reyalize, si pa genyen yon chita pale ki fèt ak nèg ak zam yo.

834


04 – 24 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Okenn aktivite enstalasyon Konsèy prezidansyèl (CP) pap jam kapab reyalize, peyi a ap envivab si toutfwa pa genyen yon veritab chita pale ak nèg ak zam yo, se deklarasyon pòt pawòl Ti mesye “VIV ANSANM’ yo, Jimmy Chérisier alias “barbecue” fè maten mèkredi 24 avril la, nan yon videyo kap sikile sou rezo sosyo yo.

Nan deklarasyon sa a, pot vwa ” VIV ANSANM” yo, Jimmy Cherisier fè maten an, li lanse yon vibran apèl bay tout sektè ki genyen nan peyi a, pami yo, sektè Dwa moun, sektè sosyete sivil la, pou di yo, se pou tout ayisyen mete tèt yo ansanm pou yo jwen yon solisyon ant ayisyen pou debloke peyi a.

Jimmy Chérisier mande popilasyon an, pou kale je yo pou pa kite se sa entènasyonal la vle ayisyen yo fè, pou yo fè, pandan l deklare si tout moun dakò pou chita pale ak tout moun, san konte tout nèg ak zam yo, pou genyen yon solisyon ki jwen, li bay garanti nan yon mwa, Ayiti se youn nan peyi nan rejyon an ki pral pi an sekirite, moun pral kapab mache alèz, lib elibè san kè sote nan sosyete ayisyèn nan.

Comments are closed.