Yon frè ponyade yon lòt frè ak yon ponya nan zòn Twou Dinò

1,379

02-04-2023

TwoudiNò, Ayiti ___(TRiboLAND) Windy Pierre ponyade frè li nan zòn TwoudiNò nan vizaj, jodi samdi 04 fevriye 2023. Viktim lan ki rive nan klinik CEMESCO nan Twou Dinò byen grav ak yon ponya plante nan vizaj li, nan yon sitiyasyon ki enkyete tout fanmiy li.

Asasen an mete van vwèl li aprè zak malonèt sa; konsa, lapolis ap chèche li tankou chyen fou nan tout depatman Nò a.

Daprè sèten manm nan fanmiy lan, mesye yo toujou nan ti priz bouch, yo pat atann ak yon zak konsa. Ayiti vin yon peyi difisil, kantite kriminèl yo ap ogmante chak jou ki jou. Lè se pa bandi kap teworize popilasyon an, se zak malonèt ant fanmiy ak fanmiy kap traverse gro enpas tribilasyon.


Comments are closed.