Avoka Pòdpè: mesaj senbolik pou asasen Me Monferrier Dorval la

250


09\18\2020

Pòdpè_____(TRiboLAND) Jounen vandredi 18 septanm 2020 an, Avoka yo nan bawo Pòdpè a voye yon mesaj senbolik bay asasen Me Monferrier Dorval la e rive depoze an bandoulyè yon sèkèy devan pòtay Delegasyon Nòdwès la.

Yon jès senbolik kite kòmanse nan Katedral Imakile Konsepsyon nan Site Kapwa Lamò a pou al bout devan Delegasyon an. Konsa, avoka yo te estime li enpòtan pou mete dife nan sèkèy sila.


Yon lòt bò, Me Job Louis, batonye lòd Avoka yo mande ak Prezidan repiblik la Jovenel Moïse fè tout sal konnen pou chèche moun ki lotè krim sila. Batonye a kontinye pou l di,fòk pouvwa jidisyè a sòti anba grif pouvwa egzekitif la. Fòk lajistis endepandan,viv ayiti,viv la jistis!

Genson HYPPOLITE

gensonhyppolite8@gmail.com

Comments are closed.