2 mwa aprè enstalasyon majistra Sylmatha Pierre, moun kapab konstate vil Jeremi genyen yon lòt vizaj.

804

03 – 26 – 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Si sou ansyenn administrasyon kominal Jeremi an, Claude Henry Milor tap dirije pandan 7 lane, pil fatra sou fòm pyramid melanje ak tout kalite debri, ki te anpeche lib sikilasyon ak asesnisman vil la..

Poutan, prezans ekip ajan ekzekitif enterimè a, ki genyen ala tèt li Mis Sylmatha Pierre, fasilite yon vag nòt pozitiv nan mitan abitan yo anfave majistra Pierre Jeremi ki dote vil la yon vizaj pi pwòp.

Keksyon ranmase fatra ak lave plas piblik yo pou atire touris lokal, se yon priyorite pou ekip minisipal lan. Fas ak devouman ak foug pou kenbe vil Jeremi pwòp, se anbisyon majistra Sylmatha Pierre, e li ankouraje tout moun pote kole pou byennèt Jeremi.

Comments are closed.