Bak “Pipirit” nan Grandans peyi Dayiti, yon medyòm ki kapab sèvi kòm yon potansyèl atraksyon touristik.

1,104

Pipirit, se non yo bay bak nan depatman Grandans lan; rezidan yo itilize li pou transpòte machandiz sitou lè rivyè a ap debòde.

02-19-23

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) “Bak Pipirit” nan depatman Grandans peyi Dayiti, se yon estrikti transpòtasyon ki inikman konstwi avèk banbou. Li fasilite deplasman machandiz agrikòl ak moun, nan yon zòn a yon lòt zòn, sitou lè rivyè ap desann

Bak Pipirit chaje ak manchandiz e ap pare pou dekole nan Jeremi.

Ayiti pa sèl peyi ki itilize mwayen transpòtasyon flotant sa yo. Menm bak sa yo, trouve yo nan yon seri destinasyon touristik nan peyi Jamayik. Pou anpil moun, se yonn pami yon pakèt distraksyon ki kapab sedwi touris la e transpòte li nan yon avanti entim. Apa peyi rasta yo, peyi Itali, patikilyèman nan vil Venis, yon site touristik ki trè popilè atravè monn lan, daprè revelasyon yon seri gro konpayi tour ak vwayàj.

Pou ki sa peyi Dayiti, Jamayik ak Itali genyen menm eleman banbou a, alòske li pa ka itilize Bak yo, pou devlope yon potansyèl fòs atraksyon touristik, yon modèl ki tap bay yon valè ajoute nan ekonomi peyi a?

Comments are closed.