Jovenel Moise ap fè ti jwèt fache ak fòs kòriptè ki te finanse kanpay li

277

09\07\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Tout otan lè manda prezidan Jovenel Moise la ap mache nan fen li, si tout otan la mete plis mileyaj nan bay dèyè’l 2 tap pou reponn menm a 20% nan katafal promès kanpay li yo ki ta sanble ki toujou nan pasaj e ki definitivman bezwen sezaryènn.

Jovenel Moise, nan moman seremoni lansman projè bay jarèt a rezo elektrik atravè peyi a yè samdi 5  septanm la, menase depoze nan yon kwen tout moun ki ta menase kanpe an bandoulyè sou wout projè elektrik la, ki ta sanble se inikman nan domènn enèji a li kapab fè yon kout zo.

“Bebe a gen pou fèt kan mèm; ke anba sezaryèn; mwen gen bisouri e mwen vle sove ni manman an, ni bebe a”, daprè prezidan Moise ki tap depoze.

Chèf Deta afiche yon mache prese ke moun pat wè avan; li envite sa yo ki te finanse kanpay li, pou yo koupe men ki te lonje’l lajan an. Konsa, politik ki dwe aplike koulya se politik pèp la; se yo ki pa posede anyen”, daprè prezidan PHTK a ki pasispan trese lèl nan yo moman ki deja trò ta fas ak yo montay desepsyon, yon lavalas kòripsyon kap desann ak yon rivyè san inosan chak jou san bliye yon rekèy manti ke moun pa pran chans fè konfyans.

Yon parèy deklarasyon montre nan ki pwen presidan an ap eseye pran chans li ankò ak yon lòt demagoji; moun prezidan an vle fè referans la deja fenn souse peyi a deja; e fenn souse tout siwo prezidan an te mete a dispozisyon yo an echanj ak finansman kanpay li. Pa genyen redevans ankò, dèt la deja peye! Lè manda prèske rive alòske pa gen anyen konkrè ki reyalize; se nòmal nan ti rès tan an pou Jovenel Moise ap fè tankou li te nan kan pèp.

Comments are closed.