18 lopital fèmen pòt yo nan kapital Pòtopwens lan.

873

03 – 26 – 2024

Pòtopwens, Ayiti___TRiboLAND) Sekretè jeneral Asosyasyon medikal Ayisyen an, montre gwo kè sote li genyen pou fason bandi ak zam yo vandalize ap piye plizyè enstitisyon sante nan depatman la.

Doktè Ardouin Louis Charles mande bandi ame yo bay lopital yo yon chans pou kapab sove vi moun ki nan difikilte yo. Yon lòtbò li ta fè konnen famasi ak lopital yo ki fèmen pa nan avantaj ni bandi, ni fanmiy yo tou, paske tout kouch moun nan sosyete a bezwen sèvis lopital ak famasi yo.

18 lopital fèmen anba presyon pami yo: lopital Jeneral, lopital Sen Fwanswa Desal, Sanatoryòm elatrye, anonse doktè Ardouin Louis Charles maten madi 26 mas 2024 la, nan jounal premye okazyon.

Direktè lopital Jeneral la, Jude Milce, te anonse yo pral tante louvri lopital jeneral nan mwa davril kap vini la, pi gwo lopital peyi a fèmen akoz konfwontasyon la polis ak gang ame yo nan rejyon metopolitèn nan.

Comments are closed.