Kriz ekonomik lan ogmante kòripsyon a nan biwo transfè yo.

828

03 – 26 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Depi plizyè mwa yon sèl biwo transfè ki egziste nan komin Senlwidinò ap mache tonbe leve, yon sitiyasyon ki okazyone tout manèv malfektè ap fèt sou kliyan yo.

Pou yon moun fè retire yon transfè fòk li negosye ak yon sekirite, sinon, wap mache pandan yon mwa ou pap jwenn kòb nan biwo sila. 
 
Selon kèk kliyan, yo oblije peye sekirite a 2500 a 3000 mil goud pou yo retire yon transfè nan semèn ki sot pase la a. Malgre djaspora yo peye, anplwaye yo toujou gen yon 2 a 5 dola ki toujou rete sou kòb yap bay kliyan yo.  

Jounen jodi a, menmsi ou ta mache yon mwa, pa gen lajan pou delivre. Men, depi ou peye majò a anvan w soti nan biwo a, kòb la te deja prè. Ki kote pwatik sa ap mennen nou? 
 
Konsa, kliyan yo mande responsab yo kontwole fonksyonman biwo transfè yo, paske gen move zafè kap regle ant pèsonèl, sekirite ak kliyan yo ki pa lojik. Gen moun ki gen kòb depi plis pase 15 jou, ki mache nan biwo chak jou, ki pa janm jwenn yon klou, pandan setan biwo a ap rele yo pou vin reklame transfè. 
 
Popilasyon an mande responsab yo nan CAM, UNI ak Western Union, pran responsabilite yo ak sa kap pase nan komin Senlwidinò.

Comments are closed.