2 zan apwè pasaj tranbleman tè 14 dawou 2021 an, pwogram enfwastrikti yo toujou rete pandye.

909

08-14-2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Divès sitwayènn ak sitwayen ki entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konen apwè 2 lane pasaj tranbleman tè 14 dawou an sou depatman Grandans lan, patikilyèman nan vil Jeremi, otorite konsène yo pa jamen pran okenn desizyon pou rekonstri okenn edifis piblik yo.

Lekol piblik lokal yo, lopital, e yon latriye lòt enstitisyon ap fonksyone nan kay prive. Kanta sant vil Jeremi an, kote basyon biznis yo ap layite, travo piblik pa fè travay debleyaj nan zònn lan.

Pou anpil rezidan viktim, yo akize direktè depatmantal travo piblik Grandans lan, Fanfan Decime, reklame gro mago lajan pou enstitisyon fantòm lan, fè entèvansyon.

Rekonstriksyon Gran Sid la, pa yon pwiyorite pou Leta koupyon ayisyen an, poun repete deklarasyon kèk sitwayen.

Comments are closed.