Pon Dumarsais Estimé reprezante yon danje mòtèl pou sitwayen yo nan vil Jeremi.

1,042

04- 13- 2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Touswit aprè gwo evenman gwoudou gwoudou 14 dawout 2022 yo, otorite konsène yo nan Jeremi te pran desizyon pou entèdi pwalou tankou kamyon e menm machin moto 3 wou sikile sou pon Dumrasais Estimé a ki te reprezante gro male pandye.

Akoz konpòtman manfouben e iresponsab otorite yo nan Jeremi, endividi ki pa genyen fwa ak lwa kraze
bout miray beton ki te mete pou entèdi sikilasyon pwalou yo, e bay chan lib pou redemaraj sikilasyon veyikil pwalou.

Parapò danje ki vinn repwezante apwè yo finn kraze miray yo, obsèvatè yo mande otorite konsène yo pou yo prese aji vit pou evite sòs la koute pi chè ke vyann nan. An bon kreyòl, pou evite yon gro kastastwòf!

Comments are closed.