Dife ki eklate nan mache 2000, nan Delma 29 la, pwovoke gwo dega.

957

Eklatman dife nan mache 2000, ti machann yo anba gro konstènasyon ak 2 men nan tèt.

06-12-2023

Delma, Ayiti____(TRiboLAND) Li te anviwon 5è nan maten yon gwo dife eklate nan mache 2000, ki twouvel nan Dèlma 29 e okazyone pèt majorite machandiz ti machann yo, jounen lendi 12 jen 2023 a.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal nouvèl redaksyon TRiboLAND fè kwè, malgre tout mannèv sapè Ponpye yo fè nan mèri Dèlma a, kote yo tap eseye trase lèl pou etèn dife a, sa pat anpeche li kontinye pwopaje epi boule plis machandiz posib.

Gwo dife sa a, ke tout moun ap eseye kesyon orijin li, lage ti machann yo 2 men nan tèt, akòz dlo ki deja pase farin.

Dapwè deklarasyon plizyè ti machann nan mikro laprès, eklatman gwo di fe sa a, lage yo nan kouri akòz yo pa konn ki sen pou yo rele. Anpil mach deklare ke yo pran nan woulo avèk kout ponya ak prè ke yo te fè.

Comments are closed.