Bandi sangwen G-9 krible yon polisye CIMO anba bàl

552

06/17/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Limage Gasley, ajan 1 se youn nan polisye CIMO ke endividi sangwen ame krible anba bàl jodi jedi 17 jwen 2021 an kote ke ta sanble ke viktim nan ta refize pran lòd nan men sòlda sangwen Barbecue, alatèt G-9 an fanmiy e alye ki mare sosis yo ak gouvènman defakto Jovenel Moise la.

Bandi sangwen yo ouvwi zàm sou Limage ki pran plizyè pwojektil nan tèt e malgre ke yo te kouri lopital avèl an ijans, malerezman li pat jwen chans li, dapwè plizyè sous polisyè.

Konsa, nan sousi pou pwoteste kont lanmò polisye a, yon latriye polisye konplètman refize vizit Direktè jeneral a.i. PNH la, Léon Charles ki tap tante pote supò yo bay sòlda yo nan baz CIMO a. Anpil kritik pa sispan repwoche leadership direktè enkapab la ki mwens zewo (-0).

Comments are closed.