Grandans : Vòlè tè soti pou mete Lajistis ajenou nan Jeremi

89
0
Share:
TRiboLAND

11/22/2026

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Jimmy Pierre, ki se yon pitit Jeremi denonse ak tout fòs li yon lòt fwa ankò deriv vòlè tè ki genyen yon bon bout tan ap mete Lajistis nan depatman Grandans lan ajenou. Jimmy ki deklare tèt li kòm bonjan sitwayen ki fè anpil efò pou respekte lalwa e antreprann tout sa l’ap fè nan legalite, te rele e kase mete nan men lapwès yè vandredi 20 novanm 2026 la nan Jeremi.

Jimmy ale pilwen pou li jistifye manda legal ke li menm ak kòmandan Polard genyen bò kote Ruth ki se pitit Elizée Gauthier pou jere ou administre yon tèren pou li. Konsa, yè lendi a, yon group nèg debake an chango sou teren an; yo pa mande ki blan ki touye Lanperè; yo divize teren an plizyè konpatman antre yo menm.

Jimmy ki te sou tè avèk papye li nan men e devan lapwès lokal, deklare ke se yon sèten Jean Remy Christophe ke anpil moun konnen sou non “Atis” ke mesye yo mete kòm avangadis pou fè yon parèy traktasyon sal kòm pwopwiyetè teren an. Jimmy klarifye pou li raple ke tè a te posesyon Dieula Clairvil ki te genyen yon pitit ki rele Arami Clairvil ki, nan lane 2013 ta pral vann Elizée Gauthier teren sila ki te apante an 2014 anba direksyon apantè Cherry.

Antouka, Jimmy rabat pou li di ke Ronald Félix, youn nan moun ke yo endekse nan yon pakèt bwigandaj tè nan Jeremi, revandike tè e deklare ke se nan men Jean Rémy Christophe ke li te achte. Ak yon fo papye tè ki fèt lakay yon lòt notè ki rele Cleroné, viktim lan estime li anfas yon kò mafya tout plim tout plimay; li mande komisè gouvènman an, mèt Jean Mary Alexandre pou mete aksyon piblik an mouvman pou fasilite yon ankèt sere sere fas ak yon parèy deriv ak antite ki pran Lajistis annotaj atravè depatman Grandans lan. Nan menm sans lan, li voye yon mesaj bay direktè polis depatmantal la, Franzt Saint-Armand pou li mete an eta disponiblite pou Lajistis, polisye ki enplike nan vòlè tè a.

Share:

Leave a reply