SOS, SOS, pou moun Ba-Nòdwès: Twonson wout ki relye Jan-Rabèl / Pòdpè a, prèske koupe nan nivo Kabarè.

866

02 – 18 – 2024

Jan-rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Sityasyon transpòtè – patajè kap sòti Jan-Rabèl pou rantre nan chèf lye depatman Nòdwès la, bay gwo kè kase nan nivo lokalite Kabarè, premyè seksyon Lakoma.

Fenomèn sa a rive posib akòz pa gen okenn antite ki disponib pou drene ravin natirèl yo aprè pasaj divès gwo lapli ki t ap tonbe san rete sou depatman Nòdwès la.

Travo Piblik branch Nòdwès absan lè pou rezoud pwoblèm twonson wout yo; pa gen Mèri, pa gen direksyon depatmantal agrikilti, direksyon anviwònman pa egziste, latriye absans antite nou sot site la yo, lakòz lè lapli tonbe erozyon sèl kòk chante pou panike tras wout pasajè Ba-Nòdwès yo. Tandiske, latriye swadizan responsab ou anplwaye antite initil sa yo, ap resevwa chèk leta nan men yo pandan yo ap grate santi nan fè kwoutay.

Enpuisan fas ak fenomèn sila, popilasyon an nan komin Jan-Rabèl mande, aprè plizyè kòb ki te fin disparèt pou te amelyore twonson wout sila; ak Travo Piblik branch Nòdwès ki genyen nan tèt li, mouche Joseph Angelot Horacius, prese, prese amelyore sityasyon wout la, paske Wo Nòdwès prèske dekonekte ak Ba-Nòdwès akòz pwoblèm twonson wout sila.

Comments are closed.