Materyèl TPTC yo ap kanni, alòske twonson wout Pòdpè / Jan-Rabèl la kontinye ap bay popilasyon an tèt fè mal

830


04 – 27 – 2024

Jan-Rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè materyèl CNE ap kanni nan komin Jan-Rabèl anba je swadizan direktè depatmantal Travo Piblik branch Nòdwès la, mouche Angelot Horacius ke anpil moun nan Nòdwès rele “Enjenyè Tè Bati”, alòske twonson wout Pòdpè / Jan-Rabèl la, toujou reprezante yon veritab penitans pou abitan yo.

Poze kesyon pou konnen, kisa ki kòz materyèl sa yo ap kalbennde nan komin nan? Kèk sitwayen kite sou plas fè konnen, materyèl sa yo anpàn pandan anviwon 2 ak 3 lane pèsòn pa janm mande sa yo pote pou vann. Se lawont pou genyen yon lòbèy ki rele TPTC anndan peyi Dayiti!

Plede anfavè yon amelyorasyon sou twonson wout Pòdpè / Jan-Rabèl la, kèk sitwayen ki t’ap pale mande ak Ministè Travo Piblik pou depane materyèl yo nan lide pou soulaje sò trafikan yo.

Comments are closed.