Ansyen kazèk 2èm seksyon Jan-Rabèl la, Albert Scanton prezante sitiyasyon difisil popilasyon an ap viv.

690

Ansyen kazèk 2èm seksyon Janrabèl la, Albert Scanton prezante sitiyasyon difisil popilasyon an ap viv.

07-22-2023

Jan-Rabèl, Nòdwès Dayiti___(TRiboLAND) Ansyen kazèk 2èm seksyon Jan-Rabèl la, Albert Ecanton ekspwime pwewokipasyon li fas ak sitiyasyon kritik popilasyon an atravèse.

Pou Scanton, se yon seksyon ki lokalize ant premye ak 3èm seksyon, ki gen anviwon 23 mil moun kap viv ladan’l; gen 11 lekòl Nasyonal ak anviwon 37 lekòl prive. Aprè gwo serèch peyi a te konnen ane pase a, agrikilti a te prèske pat egziste ankò; anpil tèt zannimo disparèt aloske twaka jaden devaste. Siyasyon pete fyèl sa, okazyone yon latriye sitwayen pran wout Panyòl, Naso, Bayamas e latriye.

Sitiyasyon sa lakoz peyizan yo achte yon mamit mayi pou 2000 goug, yon mamit pwa 4000 goud ,epi gen ministè agrikilti nan depatman an. Kanta pou Albert ministè fanm, aviwonman ak agrikilti pa gen plas yo nan peyi a. Se yon seri enstitisyon ki senpleman la sou non. Li kritike entèlèktyèl yo egalman ki pa gen kapasite pou chèche solisyon sou pwoblèm peyi a.

Kazèk la estime edikasyon an pral kraze ak pwogram nouvo segondè a, paske ansyen anseyan yo pa resikle pou pwogram nan menmsi laj pansyon yo rive. Yo pa vle kite espas pou jèn yo ki resevwa fòmasyon pou sa, yo pap ba yo pase, yo pito kraze lekòl piblik yo pou kreye pwòp lekòl pa yo. Kidonk, pita se chak paran ki pral ede pitit yo li ak ekri nan fason pa yo.

nan nivo sante popilasyon an, lopital Jan-Rabèl gen 2 gwoup sosyal : doktè Wilson Scanton ki gen yon apwòch sosyalis, vle pou lajan lopital la fasilite livrezon sèvis tout moun, men gen yon lòt gwoup ki angaje li nan kenbe sistèm kapitalis la tèt nèg. Li vle chak semèn pou yo rantre magogo lajan, pandan yo ekate tout posiblite pou bay popilasyon an sèvis. Chak pèsonèl gen yon klinik prive pou yo vann medikaman pa yo, pandan medikaman yo nan lopital la ap ekspire.

Selon kazèk la, pa gen espwa pou pyès moun nan peyi sa, paske ensekirite jeneralize a, lakòz pèsòn paka mache, leta pa di anyen. Lapolis te kòmanse fè kèk tijefò, chak bandi yo arete senate koupyon ou demolisè yo, depite ak jijdepè kap pwomote bandi yo, libere yo. Depatman la, ap fè fas ak gwo difikilte nan sèvis piblik, gen ijans pou tout òganizasyon yo ini yo nan yon sèl objektif pou fè avanse lit pou liberasyon peyi a.

Comments are closed.