Nan sousi pou rann posib repriz aktivite eskolè yo nan Jeremi, la Meri arive chita ak chèf sèvis piblik yo ak demaraj pwòpte vil lan.

923

02 – 18 – 2024


Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Nan sousi repwann aktivite eskolè yo nan Jeremi, sou inityativ komisyon kominal lan, te genyen gwo chita pale ki te fèt ak ansanm chèf sèvis piblik yo, nan lokal Meri an Jeremi an

Objektif la pat lòt bagay, sinon pou ankouraje tout direktè depatmantal yo, tankou lapolis, edikasyon nasyonal, travo piblik, afè sosyal, sante piblik, jwe wól jan sad we ye, yon fason pou mete ankonfyans, paran ak elèv lekòl yo ki pè sikile lib elibè.

Deja, pou jounen samedi 17 fevriye 2024 lan, la Meri ak sèvis ponpye e enstitisyon polis la nan Grandans, komanse mete lapwopte nan divès ri, ki te genyen kakas kawoutchou ak barikad anflame nan dènye vag aktivite pwotestasyon kont gouvènman enkilpe Ariel Henry a.

Comments are closed.