SOS : Direksyon depatmantal ministè agrikilti rele bare vòlè ki pati ak 57 pano solè ki tap ede komin Basen Ble nan pwodiksyon lokal

2176
8
Share:
TRiboLAND

Basen Ble, Ayiti______(trIBOland) Nan lendi swa pou rive madi maten,  responsab yo nan Direksyon depatmantal Agrikilti branch Nòdwès, dekouvri disparisyon 57 pano solè sou 114 ki te destine pou alimante sistèm Katraka a, yon estrikti ki se inik pa rapò ak lòt estrikti gaz ou elektrisite ki tap sèvi popilasyon Basen Ble a ak perimèt irigue yo.

Antouka, sou plis pase 141 gwo pano solè ki te parachite byen lwen sou yon mòn nan yon raje, vòlè ou eskanmòtè bwote materyèl sila yo ki koute gro magogo lajan e ki jwe yon gwo wòl nan ede abitan yo pwodwi manje atravè perimèt irigue yo. Kidonk, responsab yo rete kwè se yon gro kou pou Katraka. Toutfwà, yo kwè tou, ke ekip malfwa ou bandi sangwen ki òganize yo pou deboulonnen e transpòte ekipman sila yo, poko kite zòn krim lan, sitou avèk pwoblèm transpòtasyon ak entanperi ki paralize tout deplasman nan Nòdwès peyi a.

Konsa, nan sans sa, Direksyon depatmantal ministè agrikilti, lanse yon SOS bay popilasyon tankou: Basen Ble, Kawodati, Chansòlm, Vital, Pòdpè, Balade, Wo Monstik e latriye, nan kad ede yo boske ou rapòte tout aktivite eskanmòtè kap paweze lanwit kon lajounen ak pano solè sispèk. Responsab yo ajoute, si popilasyon an kite sa pase, anpil lòt zòn tankou Fon Papay, Kafou Tela, Moras e latriye ka tonbe anba menm krim zago loray yo.

Share:

8 comments

  1. Duverny 26 December, 2024 at 08:04 Reply

    Bondye di yon mo pou pèp pdp non papa kote dlo ap pati ak kay moun machin epi nou gen yon leta ki femen bouch kipa di anyen
    Triboland la tortue montry

  2. Cayla Denham 28 January, 2025 at 01:35 Reply

    Just wish to say your article is as astounding. The clarity in your post is just great and i can assume you are an expert on this subject. Well with your permission allow me to grab your feed to keep up to date with forthcoming post. Thanks a million and please keep up the rewarding work.

Leave a reply