Yon gwoup vodouyizan ap tante depoze pyon pou anpire sityasyon ansyen depite Ènri a nan penitansye Nasyonal.

961

02 – 18 – 2024

Gonayiv, Ayiti____(TRiboLAND) Yon gwoup vodouyizan nan Lakou Souvnans ki pa pile anyen frèt anba pye yo deside depoze yon plent fòmèl kont ansyen prezidan chanm depite a, Cholzer Chancy, pou tèt li ta detounen yon milyon dola vèt kou powo.

Dapwè enfòmasyon Koudèy Enfo News revele, 1 milyon dola vèt ki detounen an, ta pral konstwi yon twonson wout ki t ap gen pou relye anviwon 3 Lakou Mistik yo nan chèf lye depatman Latibonit lan.

Akizasyon ki lage dèyè ansyen gwo palto nan chanm depite a, gen posibilite pou yo ta peze yon pèn ki sòti nan entèval 6 ak 12 lane prizon.



Comments are closed.