Nouvo katèl minisipal Ti Gwav tanmen gwo aktivite netwayàj kont fenomèn fatra

890

10-21-2023

TiGwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Nouvo Katèl minisipal Ti Goav la, ki genyen nan tèt li Bertrand Supreme, Marc ak Mascary detèmine pou kenbe vil Ti Gwav pwòp. Konsa, yo tanmen operasyon “rele chalbarik dèyè fatra”, yon fason pou arive kenbe eskanp figi site Soulouk la pwòp.

Nouvo katèl la, ki jwenn jarèt bò kote sektè pwive a, deja netwaye pandan jounen vandredi 20 oktòb 2023 a, divès ri nan Ti Gwav ki te bonbade ak fatra e labou tout kalite. Gran Ri Ti Gwav la, se pami twonson sila yo ki deja benefisye moso lapwòtaj bò kote dirijan minisipal yo.

Anpil ochan ak chapo ba, pou nouvo katèl tou few ak tou limen, ki devlope yon sinèji ak sèktè pwive a ki dispoze materyèl li pou yon parèy inisyativ. Yon inisyativ ki benefisye anpil admirasyon nan je yon popilasyon ki ta sanble pare pou bay sipò yo fas ak volonte e detèminasyon nouvo ekip la.

Comments are closed.