SOS: Enstiti Klasik Toussaint Louverture lanse yon apèl ijan pou sove Ri Monseigneur Lebhien nan Pòdpè

41
0
Share:
TRiboLAND

SOS: Enstiti Klasik Toussaint Louverture lanse yon apèl ijan pou sove Ri Monseigneur Lebhien nan Pòdpè

07/17/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLANS) Direksyon Institut Classique Toussaint Louverture (ICTL) lanse yon kri d alèt bay Konsèy Administrasyon Kominal Pòdpè a, Direksyon Depatmantal MTPTC ak Direksyon Depatmantal Anviwònman an pou mande yon entèvansyon prese sou Ri Monseigneur Lebhien. Nan yon lèt ki pote dat 17 jiyè 2026, Direktè Prensipal la, Rock Clavaroche, denonse move eta wout la ki, dapre li, tounen yon marekaj dlo sal ak labou depi nan zòn Natcom rive toupre ansyen antrepriz Albert Charles. Li fè konnen chak fwa lapli tonbe, sitiyasyon an vin pi grav epi lakòz gwo difikilte pou moun k ap viv ak sikile nan katye a.

Nan lèt la, responsab lekòl la fè konnen pwoblèm sa a pa sèlman afekte rezidan yo, men li mete plis pase 1,000 elèv ki frekante ICTL chak ane nan yon anviwònman ki pa ni pwòp ni an sekirite. Li raple enstitisyon an ap sèvi kominote Pòdpè depi prèske 47 lane, epi li estime otorite konsène yo ta dwe aji rapidman pou pwoteje sante ak byennèt timoun yo, sitou nan peryòd vakans lan kote travay amenajman yo ta ka fèt san deranje aktivite lekòl yo.

Pou fini, Rock Clavaroche lanse yon apèl pou MTPTC, Direksyon Depatmantal Anviwònman an ak Lamèri Pòdpè mete tèt yo ansanm pou reyalize travay drenaj ak amenajman ki nesesè sou Ri Monseigneur Lebhien. Dapre li, yon entèvansyon rapid ap amelyore kondisyon lavi popilasyon an, pwoteje sante elèv yo, epi montre angajman otorite yo anvè devlopman dirab ak modènizasyon vil Pòdpè.

Share:

Leave a reply